Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 59 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 9:30-37' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 9:37-43

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)

37 Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38 Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39 Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40 Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”

41 Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”

42 Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)

Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa:

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International