Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.
13 Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a. 14 Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. 15 Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. 16 Paske Bib la di:
Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a?
Ki lès ki ka ba li konsèy?[a]
Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la.
Copyright © 2017 by Bible League International