Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pòl ap rakonte travay l ap fè
19 Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon konsa ki sot nan syèl la, mwen obeyi. 20 Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.
21 Se poutèt sa Jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan epi yo te vle touye m. 22 Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.” 23 Yo te di Mesi a te gen pou l mouri epi li t ap premye moun k ap resisite. Yo te di li t ap pote limyè delivrans[a] pou moun ki pa Jwif yo.
Pòl ap eseye konvenk Agripa
24 Pandan Pòl t ap defann tèt li konsa, Festis di byen fò, “Pòl, ou gen lè pèdi tèt ou! Twòp etid fè w fou.”
25 Pòl reponn, “Onorab Festis, mwen pa fou. Sa m ap di la se verite a. Se pawòl bon sans m ap pale. 26 Wa Agripa konnen tout sa m ap di la a, sa fè m kapab pale ak tout libète m devan l. Mwen konnen l tande pale de bagay sa yo, paske yo rive kote tout moun te kapab wè yo. 27 Wa Agripa, èske w kwè nan sa pwofèt yo te ekri? Mwen konnen w kwè!”
28 Agripa di Pòl konsa, “Èske w panse ou ka konvenk mwen pou fè m vin yon kretyen?”
29 Pòl di, “Kit sa ta fasil, kit sa pa ta fasil, se menm bagay. Mwen sèlman priye Bondye pou se pa ou menm sèlman, men tout moun k ap koute m jodi a tou, pou nou tout ta vin menm jan avè m, eksepte chenn sa yo ki sou mwen an.”
Copyright © 2017 by Bible League International