Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Wa 2:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 2:6-14' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 77:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 77:11-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 5:1

Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.

Galat 5:13-25

13 Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt. 14 Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w[a] menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[b] 15 Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou.

Sentespri a ak nati peche ki nan lòm nan

16 M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. 17 Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. 18 Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa.

19 Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, 20 sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. 21 Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. 22 Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, 23 dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. 24 Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. 25 Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou.

Lik 9:51-62

Yon ti bouk nan peyi Samari

51 Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm. 52 Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi. 53 Men, moun yo nan bouk la pa t resevwa Jezi paske se Jerizalèm li t aprale. 54 Lè Jak ak Jan wè sa, yo di: “Mèt, ou pa ta vle nou rele dife sot nan syèl la tonbe sou yo, pou boule yo?”[a]

55 Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.[b] 56 Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.

Swiv Jezi

(Mat 8:19-22)

57 Pandan yo te nan wout aprale, yon moun pwoche bò kote Jezi, li di l: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”

58 Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”

59 Apre sa li di yon lòt: “Swiv mwen.”

Men, nonm nan di Jezi konsa: “Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.”

60 Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”

61 Yon lòt moun ankò di Jezi konsa: “M ap swiv ou wi Mèt, men kite m al di fanmi m orevwa dabò.”

62 Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International