Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 104:24-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 104:35' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 32:11-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 5:16-25

Sentespri a ak nati peche ki nan lòm nan

16 M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. 17 Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. 18 Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa.

19 Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, 20 sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. 21 Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. 22 Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, 23 dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. 24 Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. 25 Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International