Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Bondye renmen nou anvan menm nou fè lapè avè l
5 Nou se moun Bondye deklare jis devan li, poutèt lafwa nou.[a] Konsa, nou tout[b] fè lapè ak Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. 2 Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye. 3 Anplis, nou kontan anpil, menm nan soufrans yo. Paske n konnen soufrans bay pasyans. 4 Pasyans se prèv nou se moun ki fò. Prèv sa a ban nou espwa. 5 Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.
12 Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. 13 Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. 14 Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. 15 Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.
Copyright © 2017 by Bible League International