Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 106 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 10:17-27' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:44-8:1

44 Tabènak la,[a] ki se tant SENYÈ a la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. 45 Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. 46 David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la.[b] 47 Men se Salomon ki te bati Tanp lan pou SENYÈ a.

48 Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a:

49 Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita,
    epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
    Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m?
50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?”(A)

51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou. 52 Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la[c] t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”

Yo touye Etyèn

54 Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn. 55 Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. 56 Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye.

57 Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. 58 Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.

Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.

Pèsekisyon kont kwayan yo

Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.

Lik 22:52-62

52 Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 53 Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:57-58, 69-75; Mak 14:53-54, 66-72; Jan 18:12-18, 25-27)

54 Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans. 55 Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo. 56 Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”

57 Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” 58 Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.”

Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”

59 Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.”

60 Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.”

Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. 61 Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” 62 Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International