Book of Common Prayer
22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:
Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
paske li te toujou bò kote m
pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
epi bouch mwen ap chante lwanj.
Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[a]
ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.(A)
29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[b] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:
Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.
32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a. 33 Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste. 34 Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di:
Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
35 jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.(B)
36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)
41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:
Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43 jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.[a](A)
44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)
45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Mak 12:41-44)
21 Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. 2 Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. 3 Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. 4 Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”
Copyright © 2017 by Bible League International