Book of Common Prayer
8 Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2 Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. 3 Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. 4 Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.
Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari
5 Filip[a] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. 6 Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. 7 Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. 8 Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.
9 Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10 Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.
Sòlda yo maltrete Jezi
(Mat 26:67-68; Mak 14:65)
63 Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou. 64 Yo mare je li ak twal epi yo di li: “Si ou se pwofèt vre, devine ki moun ki ba w kou sa a.” 65 Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Jan 18:19-24)
66 Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. 67 Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.”
Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. 68 Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. 69 Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.”
70 Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.”
71 Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”
Copyright © 2017 by Bible League International