Book of Common Prayer
Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl
12 Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. 2 Mwen konnen yon kretyen[a] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. 5 Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.
6 Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.
7 Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. 8 Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. 9 Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Jan 12:12-19)
28 Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. 29 Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. 30 Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 31 Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”
32 Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. 33 Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?”
34 De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” 35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. 36 Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.
37 Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38 Yo t ap di:
“Benediksyon pou wa a
ki vini nan non Senyè a.(A)
Kè poze nan syèl la!
Lwanj pou Bondye!”
39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.”
40 Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.”
Copyright © 2017 by Bible League International