Book of Common Prayer
37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”
38 Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. 39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”
40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.
Kwayan yo pataje byen yo
42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[a] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)
5 Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:
6 “Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”
7 Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”
8 Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[a] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. 9 Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”
10 Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. 11 Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la.
12 Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13 Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14 Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15 Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16 Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17 Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. 18 Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. 19 Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.
Copyright © 2017 by Bible League International