Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 107:33-108:13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 33 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 9:15-10:1' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:30-43

30 Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. 31 Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a. 32 Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la.(A) Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò.

33 Senyè a di Moyiz ankò: Retire sapat ou nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen. 34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y ap plenn anba soufrans yo. Mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w retounen nan peyi Lejip.(B)

35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou?(C) Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 36 Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.

37 Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.(D) 38 Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.

39 Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. 40 Yo di Aawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l.(E) 41 Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. 42 Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo:

Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
    pandan karantan nou te pase nan dezè a?
43 Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito,
    epi pòtre zetwal ki reprezante Refan
ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo.
    Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.(F)

Lik 22:39-51

Jezi ap priye poukont li

(Mat 26:36-46; Mak 14:32-42)

39 Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. 40 Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

41 Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[a] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44 Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.[b] 45 Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.

48 Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” 49 Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” 50 Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li.

51 Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International