Book of Common Prayer
Mèlkisedèk se wa epi li se sakrifikatè tou
7 Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram. 2 Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.”
3 Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan.
4 Nou ka konprann ki nivo enpòtans Mèlkisedèk te genyen. Menm Abraram te ba l ladim sou tout sa l te pran nan batay la. 5 Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram. 6 Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye. 7 Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.
8 Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou. 9 Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou. 10 Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.
11 Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk. 12 Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou. 13-14 N ap pale de Jezikris, Senyè nou ki soti nan yon fanmi diferan de sa Lalwa di. Li soti nan gwoup fanmi Jida. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi sa a anvan l ki te sèvi kòm sakrifikatè. Moyiz pa t janm pale de yon sakrifikatè ki t ap soti nan gwoup fanmi Jida.
Jezi se sakrifikatè menm jan ak Mèlkisedèk
15 Men bagay yo vin pi klè pou nou lè n wè lòt sakrifikatè ki parèt la tankou Mèlkisedèk. 16 Li pa vin tounen sakrifikatè sou baz prensip nan ki fanmi l te fèt. Li vin sakrifikatè sou baz puisans yon lavi ki p ap janm fin i. 17 Men sa Bib la di sou li: “Ou se sakrifikatè pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.”(A)
Satan tonbe
17 Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”
18 Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. 20 Piga nou fè twòp chèlbè[a] poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”
Jezi priye Papa a
(Mat 11:25-27; 13:16-17)
21 Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.”
22 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
23 Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a. 24 Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International