Book of Common Prayer
15 Tout manm Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Pandan y ap gade l konsa, yo wè figi l sanble ak figi yon anj Bondye.
Gwo diskou Etyèn nan
7 Pi gran sakrifikatè a di Etyèn konsa: “Èske sa yo di yo se vre?” 2 Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan. 3 Bondye di li: Kite peyi w ak tout fanmi w, pati ale nan peyi mwen va montre w la.(A)
4 Konsa, Abraram pati kite peyi Kalde,[a] l al viv nan Karan. Apre papa Abraram te mouri, Bondye fè l kite Karan pou l vin viv nan peyi sa a, kote n ap viv la. 5 Men Bondye pa t bay Abraram yon pati pou limenm. Li pa t bay Abraram menm yon pous nan peyi a. Okontrè, Bondye te pwomèt li l ap ba l tout peyi a nèt pou l rete ansanm ak pitit pitit li yo. Men Abraram pa t ko gen pitit lè sa a.
6 Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. 7 Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a.(B) Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la.(C)
8 Apre sa, Bondye fè yon kontra ak Abraram epi Bondye deside se sikonsizyon k ap senbòl kontra sa a. Konsa, lè Abraram vin gen pitit gason li Isaak, li sikonsi Izarak sou uit (8) jou apre l te fin fèt. Menm jan an tou, lè Izaak fè Jakòb, li te sikonsi li tou, epi Jakòb te sikonsi douz pitit gason li yo ki se papa douz branch fanmi nan pèp Izrayèl la.
9 Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l. 10 Bondye te delivre Jozèf anba tout tribilasyon li epi li te ranpli l ak sajès. Bondye te fè Jozèf jwenn favè devan Farawon ki te wa peyi L epi p la. Konsa, Farawon te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip ak sou tout kay Farawon an menm. 11 Vwala te gen yon gwo grangou ki te vin tonbe sou tout peyi Lejip ak sou Kanaran tou. Bagay la te rèd anpil pou moun yo, sa te fè yo soufri. Zansèt nou yo nan Kanaran pa t jwenn anyen pou yo manje.
12 Lè Jakòb aprann te gen manje pou vann nan peyi Lejip, li voye pitit gason l yo al achte. Se premye fwa yo te ale la. 13 Sou dezyèm vwayaj frè Jozèf yo te fè pou al achte manje, Jozèf te fè yo rekonèt li. Konsa Farawon Lejip la te fè konesans ak fanmi Jozèf yo tou. 14 Apre sa, Jozèf voye chache Jakòb, papa li, ansanm ak tout rès fanmi an. Yo tout ansanm te fè swasannkenz moun an total. 15 Konsa, Jakòb desann nan peyi Lejip. Se nan peyi sa a li mouri tou, ansanm ak tout zansèt nou yo. 16 Yo monte ak kadav yo ale Sichèm. Yo antere yo tout nan tonbo Abraram te peye lajan kontan lè l te achte l nan men pitit Emò yo nan lavil Sichèm nan.
Se pou konpòte w tankou yon sèvitè
24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.
28 Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29 Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30 N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International