Add parallel Print Page Options

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-75; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)

66 Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. 67 Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”

68 Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se konsa yon kòk vin chante.[a]

69 Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” 70 Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”

71 Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”

72 La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:68 Kèk kopi an lang Grèk pa gen fraz “yon kòk vin chante”.