Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76 Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78 Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè[a] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
11 Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.
12 Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. 13 Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. 14 Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.
Pitit Bondye a se menm ak Bondye
15 Pèsonn pa kapab wè Bondye,
men se pitit la sèlman yo ka wè,
ki menm jan ak Bondye nan tout pwen.
Se li k ap gouvène tout kreyasyon an,
kòm premye pitit gason li.
16 Se ak puisans Pitit la Bondye
te kreye tout bagay ki egziste,
kit sa ki nan syèl moun pa ka wè,
kit sa ki sou latè moun ka wè,
wa yo, gwo chèf yo,
pouvwa yo, otorite yo,
tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la,
epi pou Pitit la.
17 Pitit la te la anvan tout bagay te kreye.
Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste.
18 Li se tèt legliz la ki se kò a.
Li se kòmansman tout bagay.
Li se premye pami moun ki gen
pou leve soti vivan nan lanmò.[a]
Sa fè se li ki gen premye plas
epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.
19 Se yon plezi Bondye pran
pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la.
20 Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay
ak li menm ankò pa mwayen Pitit la.
Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè
Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè,
menm jan ak sa ki nan syèl la.
33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.
34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[a]
Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”
36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.
39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”
40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”
43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”
Copyright © 2017 by Bible League International