Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
1 Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè a.
2 Se pou gras ak lapè Bondye, Papa nou, ak Jezikris Segnè a tonbe sou ou. 3 Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou. 4 Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.
11 Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen. 12 Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.
Istwa Jezi ak Zache
19 Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. 2 Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. 3 Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. 4 Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase.
5 Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”
6 Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. 7 Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”
8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”
9 Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. 10 Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International