Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 145:1-5' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 145:17-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Zakari 6:9-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 24:10-23

Pòl defann tèt li devan Feliks

10 Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a. 11 Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre. 12 Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.

14 M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen[a] an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15 Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite. 16 Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.

17-18 Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.[b] Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt. 19 Te gen yon kolonn Jwif ki te soti an Azi ki te la lè sa a. Se yo menm ki ta pou vin pote akizasyon kont mwen la a, si yo te wè m fè yon bagay ki mal. 20 Ou mèt mande mesye sa yo ki la a, k ap akize m nan pou yo di w ki mal yo te jwenn mwen te fè lè m te konparèt devan Gran Konsèy nan Jerizalèm nan. 21 Lè m te kanpe devan yo a, men sèl sa m te di: Se paske mwen kwè mò yo gen pou resisite ki fè yo rele m nan jijman devan nou jodi a.”

22 Feliks ki te gentan konprann anpil bagay sou chemen Bondye a, li ranvwaye jijman an epi li di: “Lè kòmandan Lizyas va vini, m a deside kisa m ap fè ak nou.” 23 Feliks bay ofisye ki te responsab Pòl la lòd pou l pa lage Pòl, men pou l ba l yon ti libète pou pèmèt zanmi l yo vin pote sa l te bezwen pou li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International