Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Nou te wè laglwa Kris la
16 Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikri genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou. 17 Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.” 18 Epi nou te tande vwa a. Vwa a te soti nan syèl la, lè n te ansanm ak Jezi sou Mòn ki apa pou Bondye a.[a]
19 Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou. 20 Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l. 21 Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International