Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Mwen te ekri nan lèt anvan pou nou pa nan konkòday ak moun k ap viv nan imoralite seksyèl. 10 Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl. 11 Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.
12-13 M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”[a]
Copyright © 2017 by Bible League International