Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 119:137-144' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Abakouk 2:5-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 8:39-47

39 Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”

Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. 40 Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. 41 Nou menm n ap fè travay papa nou.”

Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”

42 Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. 43 Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. 44 Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.

45 Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. 46 Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? 47 Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International