Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
25 Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,”[a] paske nou tout se manm nan menm kò a. 26 “Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,”[b] epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa. 27 Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou. 28 Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.
29 Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo. 30 Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. 31 Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis. 32 Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.
5 Se poutèt sa, nou menm, pitit Bondye, nou pran egzanp sou Bondye ki renmen nou anpil. 2 An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.
Copyright © 2017 by Bible League International