Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye
23 Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. 24 Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.
25 Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti. 26 Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”[a]
27 Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w. 28 Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l konsa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye. 29 Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m? 30 Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?
31 Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye. 32 Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif. 33 Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.
11 Swiv egzanp mwen, menm jan mwen swiv egzanp Kris la.
Copyright © 2017 by Bible League International