Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jeremi 2:4-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 81:1' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 81:10-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 13:1-8

Adorasyon ki nan gou Bondye

13 Se pou nou kontinye renmen youn lòt tankou frè ak sè. Toujou sonje pou n byen resevwa moun ki vin lakay nou. Nan byen resevwa moun gen kèk moun ki konn resevwa zanj lakay yo san yo pa menm konnen. Se pou nou sonje sila yo ki nan prizon kòmsi nou te anndan prizon an ansanm avè yo. Sonje sa yo y ap fè pase mati kòmsi nou menm tou nou t ap pase mati.

Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl. Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di:

“Mwen p ap janm kite w,
    mwen p ap janm abandone w.”[a]

Se sa ki fè nou pa bezwen pè di:

“Senyè a se sekou mwen.
    Poutèt sa, nou kapab di ak fòs:
    Ki sa lèzòm ka fè m?”[b]

Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo. Menm Jezikri ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.

Ebre 13:15-16

15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikri. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

Lik 14:1

Se nòmal pou geri moun nan jou saba a

14 Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon.

Lik 14:7-14

Pa pran pòz enpòtan w

Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a. “Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan.

10 Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. 11 Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”

Ou ap jwenn rekonpans ou

12 Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy. 13 Okontrè, lè ou ap fè yon festen, se pou envite pòv yo, kokobe yo ak avèg yo. 14 Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International