Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Nouvo lavi a nan fwaye a
18 Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se konsa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.
19 Nou menm mari yo, se pou n renmen madanm nou, epi nou pa dwe mete n an kòlè kont yo.
20 Nou menm ti moun, se pou n obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi.
21 Nou menm papa yo, pa fè timoun yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22 Nou menm sèvitè ak sèvant yo, fè sa mèt nou gen sou latè yo mande nou fè. Se pa sèlman lè yo la pou n ap chache aji konsa pou n fè yo plezi, men fè sa ak yon kè sensè, ak krentif pou Senyè a. 23 Tout sa n ap fè, se pou n fè l ak tout kè nou, tankou se pa pou moun nou t ap fè l men se pou Senyè a. 24 Mete nan tèt nou Senyè a ap rekonpanse nou epi l ap fè nou jwenn sa li pwomèt moun pa l yo. Se Jezikris Senyè nou an n ap sèvi. 25 Pa bliye, nenpòt moun ki fè sa ki mal, l ap jwenn pinisyon nan men Bondye pou sa l fè a. Jijman Senyè a pa fèt nan moun pa.
4 Nou menm patwon, se pou n bay sèvitè ak sèvant nou yo sa ki jis, sa yo merite. Mete nan tèt nou, nou menm tou, nou gen yon patwon nan syèl la.
Copyright © 2017 by Bible League International