Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 10 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 7:27-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 6:6-11

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)

Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou saba a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou saba a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”

10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International