Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
An n kontinye vanse pou pi devan
7 Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la:
“Si w tande vwa Bondye jodi a,
8 pa fè tèt rèd,
menm jan ak lè w te vire do bay Bondye,
lè w te pwovoke l nan dezè a.
9 Zansèt ou yo te pwovoke m nan dezè a,
malgre yo te temwen travay m te fè pandan 40 tan.
10 Konsa mwen te fache avèk yo.
Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo.
Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.
11 Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante:
Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[a]
12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[b] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje. 14 Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an. 15 Se sa menm ki fè Sentespri a di:
“Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd,
menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”[c]
16 Ki moun ki te vire do bay Bondye, apre yo te fin tande vwa li? Se pèp sa a menm Moyiz te dirije soti an Ejip la. 17 Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a. 18 Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi. 19 Donk, men konsta nou fè, yo pa t antre nan repo Bondye a, paske yo pa t kwè.
4 Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a. 2 Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l. 3 Pou nou menm ki kwè l, nou antre nan repo Bondye a. Men sa Bondye di li menm:
“Paske yo fè m fache, mwen te fè sèman:
Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[d]
Men, travay Bondye te rive nan bout li depi lè l fini ak kreyasyon an. 4 Wi, men sa Bib la di sou setyèm jou nan semèn nan: “Bondye te repoze sou setyèm jou a apre tout travay li te fin fè.”[e] 5 Men gen yon pasaj nan Bib la, kote Bondye di: “Yo p ap janm antre nan plas repo m nan.”
6 Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo. 7 Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja:
“Si ou tande vwa Bondye jodi a,
pa fè tèt di.”[f]
8 Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa. 9 Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou, 10 Bondye te repoze apre li te fin fè travay li. Sa vle di tou, tout moun ki antre nan repo Bondye ap gen pou yo repoze apre yo fin travay menm jan ak Bondye. 11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.
Copyright © 2017 by Bible League International