Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Nou pa ka sèvi de (2) mèt alafwa
(Lik 12:33-34; 11:34-36; 16:13)
19 Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy[a] ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. 20 Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. 21 Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.
22 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[b] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23 Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.
24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[c] anmenmtan.
Copyright © 2017 by Bible League International