Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
15 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17 Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
19 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21 Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.
22 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.
23 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25 Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mak 13:24-31; Lik 17:23-24,37; 21:25-32)
26 Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27 Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini.
Copyright © 2017 by Bible League International