Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mat 19:16-30; Lik 18:18-30)
17 Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
18 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. 19 Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.”[a]
20 Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.”
21 Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, konsa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22 Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès.
Copyright © 2017 by Bible League International