Old/New Testament
1 Nou vle pale w de Pawòl[a] ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l. 2 Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi konsa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. 3 Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[b] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris. 4 N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.
Bondye padone peche nou
5 Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. 6 Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik. 7 Si n ap mache nan limyè,[c] paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.
8 Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a. 9 Si nou konfese peche nou yo bay Bondye, li fidèl epi li dwat, l ap padone nou epi l ap netwaye nou de tout sa nou te fè ki pa bon. 10 Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.
Copyright © 2017 by Bible League International