M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Lik 24:1-12)
20 Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri. 2 Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”
3 Lè sa a, Pyè soti ansanm ak lòt disip la, yo ale nan kav la. 4 Yo toulede t ap kouri ansanm, men lòt disip la te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kav la. 5 Li bese gade epi li wè twal yo depoze yon kote, men li pa t antre.
6 Lè Simon Pyè menm vin rive, li t ap swiv li, li antre nan kav la, epi li gade twal yo byen gade, yo te depoze la. 7 Twal ki te kouvri tèt Jezi a te la tou, men li pa t ansanm ak lòt twal yo, li te ranje apa, nan yon lòt plas. 8 Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè. 9 Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.
Mari, moun Magdala a, wè Jezi
(Mak 16:9-11)
10 Apre sa, disip yo te tounen lakay yo. 11 Mari te rete deyò toupre kav la, epi li t ap kriye. Ak je l tou plen dlo, li panche gade anndan kav la 12 epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.
13 Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?”
Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” 14 Pandan l ap pale, li vire, epi li wè Jezi ki kanpe la, men li pa t konnen si se te li menm.
15 Jezi di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye? Kilès ou ap chache?”
Men li menm, li panse se te responsab jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki wete l, di m kote w mete l, m va al pran li.”
16 Jezi di l: “Mari!”, Mari vire je li, li di nan lang Arameyen: “Rabouni!”, sa vle di “Mèt mwen”.
17 Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo,[a] di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”
18 Mari, moun Magdala a, te vin di disip yo konsa: “Mwen wè Senyè.” Epi li di yo sa Senyè a te di l.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, konsa mwen menm mwen voye nou tou.” 22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23 Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.
Jezi fè Toma wè li
24 Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”
26 Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27 Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”
28 Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”
29 Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”
Pou kisa Jan ekri liv sa a?
30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31 Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè[b] Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Kèk bagay nou dwe fè
4 Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.
2 Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. 3 Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a.[a]
4 Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan!
5 Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen. 6 Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi. 7 Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann[b] va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.
8 Pou fini, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo. 9 Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.
Pòl ap di kretyen Filip yo mèsi
10 Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa. 11 Se pa paske m nan bezwen ki fè m ap di sa. Mwen aprann satisfè m ak sa m genyen epi ak sa ki rive m. 12 Mwen konn viv nan nesesite, mwen konn viv nan labondans. Mwen aprann sekrè kijan pou m viv nan kèlkeswa sitiyasyon an, nan vant plen oubyen nan grangou, nan labondans oubyen nan zafè pa bon. 13 Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.
14 Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m konsa nan soufrans mwen yo. 15 Nou menm Filipyen, nou konnen sa k te rive, lè m te fenk kòmanse preche Levanjil. Lè m te kite rejyon Masedwàn nan, pa gen yon legliz ki te ede m, se nou menm sèlman ki te fè sa. 16 Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik. 17 Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye. 18 Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi. 19 Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris. 20 N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!
21 Salye tout pèp Bondye a nan Jezikris. Frè ki avè m yo salye nou tou. 22 Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.
23 Se pou gras Senyè Jezikris ranpli lespri nou chak.
Copyright © 2017 by Bible League International