M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi geri yon nonm toupre yon pisin
5 Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. 2 Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda,[a] nan lang ebre. 3 Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.[b] 4 [c] 5 Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. 6 Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?”
7 Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.”
8 Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” 9 Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache.
Men bagay sa a te rive yon jou saba. 10 Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou saba a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”
11 Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.”
12 Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?”
13 Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale.
14 Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!”
15 Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.
16 Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou saba a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. 17 Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se konsa mwen menm tou m ap travay.”
18 Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou saba a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”
Jezi genyen otorite Bondye
19 Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman. 20 Papa a renmen Pitit la, Li montre Li tout sa l ap fè. Epi Papa a gen pou montre Pitit la bagay ki pi gwo toujou. Alò nou va sezi. 21 Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se konsa Pitit la bay moun li vle lavi tou.
22 Konsa tou, Papa a pa jije pèsonn. Li bay Pitit la pouvwa pou li fè tout jijman. 23 Bondye fè sa konsa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.
24 Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a. 25 Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi. 26 Menm jan lavi se nan Papa a li soti, konsa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi. 27 Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan.
28 Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la. 29 Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.
30 Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.
Jezi di lidè Jwif yo pi plis bagay toujou
31 Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a. 32 Men, gen yon lòt moun ki di menm bagay yo de mwen, epi mwen konnen temwanyaj li se verite a.
33 Nou te voye moun kote Janbatis, epi li menm tou te di nou verite a li te wè sou mwen. 34 Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. 35 Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.
36 Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre. 37 Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble. 38 Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a. 39 Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. 40 Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.
41 Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. 42 Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. 43 Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. 44 Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? 45 Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. 46 Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. 47 Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”
1 Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris[a] ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. 2 Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi[b] yo.
3 Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. 4 Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. 5 Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Gen yon sèl Levanjil
6 Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. 7 Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. 8 Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. 9 Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.
10 Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.
Levanjil Pòl preche a soti nan Bondye
11 Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm. 12 Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.
13 Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. 14 Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.
15 Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m,[c] epi li te rele m nan gras li. 16 Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy. 17 Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.
18 Twazan apre Bondye te fin rele m nan,[d] m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè.[e] Mwen te pase kenz jou avè l. 19 Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a. 20 Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a. 21 Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.
22 Men, pandan tout tan sa a, frè ak sè nan legliz Jezikris ki nan Jide yo pa t janm konnen m. 23 Sèlman tande yo te konn tande pale de mwen. Yo te konn tande moun ap di: “Men nonm ki te konn ap pèsekite nou an ap anonse menm bagay li te konn ap chache kraze a.” 24 Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International