M’Cheyne Bible Reading Plan
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)
18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.
2 Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. 3 Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.
4 Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”
5 Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”
Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. 6 Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.
7 Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”
Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”
8 Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” 9 Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)
15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”
Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”
18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyonnen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”
22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se konsa ou ap reponn Chèf prèt la?”
23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”
24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.
Pyè manti ankò
(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)
25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”
Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”
26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”
27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[c] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”
Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[d]
33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”
35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”
36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.
38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
Viv nan inite epi pran swen youn lòt
2 Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, 2 n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. 3 Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou. 4 Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou.
Imite Kris pou n pa egoyis
5 Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.
6 Li menm ak Bondye yo egalego,
poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a
kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.
7 Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote,
san moun pa fòse l,
li fè tèt li tounen yon sèvitè,
li vin tankou tout moun.
Lè l fin fè tèt li tounen
yon moun menm jan ak tout moun.
8 Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye,
li obeyi Bondye jouk nan lanmò li.
Se pa nenpòt kalite lanmò,
men se te lanmò sou yon kwa.
9 Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a
epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.
10 Se poutèt sa, yon jou,
tout moun va mete ajenou devan l
lè yo va tande tit Jezi genyen
nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.
11 Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,”
sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.
Se pou nou jan Bondye vle nou ye a
12 Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye. 13 Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.
14 Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye. 15 Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa. 16 Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.
17 Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout. 18 Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m.
Enfòmasyon sou Timote ak Epafwodit
19 Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou. 20 Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa. 21 Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache. 22 Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l. 23 Konsa, mwen espere voye l ban nou tousuit lè m fin konnen kisa k pral rive m. 24 Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou.
25 Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen. 26 Mwen deside fè sa paske li te anvi wè nou tout. Sa te fè l tris anpil, lè l te aprann nou te konnen l malad. 27 Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, konsa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn. 28 Konsa, m ap voye l tounen ban nou ak anprèsman. Lè nou wè l, kè nou va kontan. Epi mwen p ap bay kò m traka ankò. 29 Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore. 30 Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.
Copyright © 2017 by Bible League International