M’Cheyne Bible Reading Plan
19 Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. 2 Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov[a] sou li. 3 Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.
4 Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” 5 Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”
6 Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!
Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.
7 Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”
8 Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. 9 Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”
11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”
12 Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”
13 Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14 Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!
15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”
Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”
Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”
16 Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Lik 23:26-43)
17 Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. 18 Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan.
19 Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo. 20 Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.
21 Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.”
22 Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”
23 Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. 24 Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli:
“Yo pataje rad mwen antre yo,
yo tire osò sou rad mwen an.”[b]
Se sa sòlda yo te fè.
25 Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. 26 Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” 27 Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)
28 Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”[c] 29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.
31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32 Sòlda yo vini, yo kase janm[d] premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33 Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.
34 Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. 35 Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. 36 Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.”[e] 37 Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”[f]
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)
38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.
39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[g] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.
Kris pi empòtan pase tout bagay
3 Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou.
2 Veye kò nou ak chyen yo! Veye kò nou ak moun k ap fè move bagay. Veye kò nou ak moun ki ta vle sikonsi tout moun. 3 Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikri nou mete konfyans nou. 4 Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou. 5 Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen. 6 Kanta zèl pou relijyon Jwif la,[a] mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen.
7 Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. 8 Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. 9 Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris.[b] Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la. 10 Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li. 11 Alò, m gen espwa m va resisite tou, menm jan li menm li te resisite.
Fè jefò pou nou atenn objektif la
12 Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè. 13 Frè m ak sè m yo, m pa konsidere mwen gentan rive deja. Men gen yon bagay mwen fè: Mwen bliye sa ki dèyè m epi m ap vanse pou m atenn objektif la. 14 Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.
15 Se pou nou tout ki vin byen devlope nan Kris la panse konsa. Si nou pa wè l konsa, Bondye va fè sa klè pou nou. 16 Sèlman, an nou kontinye ale ansanm sou menm chemen sa a.
17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan. 18 Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la. 19 Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè. 20 Men nou menm, se moun syèl la nou ye. Se la Jezikri Senyè a, Sovè n ap tann nan ap soti. 21 Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.
Copyright © 2017 by Bible League International