M’Cheyne Bible Reading Plan
Istwa Jezi ak Zache
19 Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. 2 Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. 3 Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. 4 Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase.
5 Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”
6 Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. 7 Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”
8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”
9 Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. 10 Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Yon istwa sou twa sèvitè
(Mat 25:14-30)
11 Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye. 13 Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan[a] epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen. 14 Men, sitwayen yo nan peyi a te rayi nonm nan. Konsa, yo voye yon gwoup mesaje ale nan peyi kote l ale a pou al di: Nou pa vle nonm sa a kòm wa sou nou.
15 Vwala chèf yo nan peyi byen lwen an fè nonm nan wa kanmenm. Lè l tounen nan peyi a vin renye, li rele sèvitè li te bay lajan yo pou yo rann kont ki benefis yo fè. 16 Premye sèvitè a vini, li di: Mèt, kantite lajan ou te ban mwen an fè dis (10) fwa plis lajan. 17 Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil.
18 Dezyèm sèvitè a vini, li di: Kantite lajan ou te ban mwen an fè senk (5) fwa plis. 19 Wa a di li: Ou menm, m ap ba ou gouvène senk (5) vil.
20 Apre sa, yon lòt sèvitè vini, li di: Mèt, men lajan ou te ban mwen an. Mwen te vlope l nan yon moso twal epi sere l la pou ou. 21 Paske mwen te pè w. M konnen ou se yon moun ki di. Ou pran lajan ki pa pou ou. Ou rekòlte sa ou pa t simen.
22 Wa a di li: Gade kouman ou mechan! Malveyan! M ap jije ou ak pawòl ki soti nan bouch ou. Ou te konnen mwen se yon moun ki di, ki pran sa k pa pou mwen, ki rekòlte sa m pa t simen, 23 pou kisa ou pa t mete lajan m nan labank? Lè m vini, mwen ta jwenn enterè sou li. 24 Apre sa, wa a di mesye ki te la yo: Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la.
25 Men, mesye yo di wa a: Monwa, nonm sa a gentan gen dis (10) fwa lajan deja?
26 M ap di nou sa: Nenpòt moun ki genyen, y ap ba li toujou. Men moun ki pa genyen, menm ti sa l genyen an y ap retire l nan men l. 27 Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Jan 12:12-19)
28 Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. 29 Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. 30 Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 31 Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”
32 Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. 33 Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?”
34 De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” 35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. 36 Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.
37 Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38 Yo t ap di:
“Benediksyon pou wa a
ki vini nan non Senyè a.[b]
Kè poze nan syèl la!
Lwanj pou Bondye!”
39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.”
40 Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.”
Jezi kriye pou Jerizalèm
41 Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la. 42 Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. 43 Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. 44 Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-17; Mak 11:15-19; Jan 2:13-22)
45 Jezi antre nan tanp lan, epi li tonbe mete tout moun ki t ap vann bagay anndan tanp lan deyò. 46 Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye.[c] Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[d]
47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan ap anseye moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo menm, ansanm ak doktè lalwa yo epi lidè yo nan pami pèp la t ap chache yon okazyon pou yo touye li. 48 Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.
Trezò espirityèl nan po an ajil
4 Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l. 2 Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye. 3 Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. 4 Chèf[a] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. 5 Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. 6 Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[b] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.
7 Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. 8 Pwoblèm anviwonnen nou toupatou, yo pa kraze nou. Anpil fwa nou pa konn kisa pou nou fè, nou p ap bay legen. 9 Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri. 12 Konsa, lanmò ap fè travay li nan nou, men lavi ap fè travay li nan ou.
13 Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.”[c] Se konsa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. 14 Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. 15 Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.
N ap viv pa lafwa
16 Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou. 17 Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi. 18 Konsa nou pa konsantre panse nou sou sa n wè, men nou konsantre panse nou pito sou sa nou paka wè. Sa nou wè jodi a la pou yon tan. Sa nou pa ka wè a, li la pou letènite.
Copyright © 2017 by Bible League International