M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)
24 Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. 2 Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. 3 Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. 4 Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. 5 Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? 6 Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. 7 Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” 8 Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.
9 Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10 Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11 Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12 Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.[a]
Sou chemen emayis
(Mak 16:12-13)
13 Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt[b] konsa de vil Jerizalèm. 14 De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15 Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16 Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17 Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou konsa a pandan n ap mache a?”
Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”
19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”
Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21 Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.
22 Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23 Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24 Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”
25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou konsa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26 Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27 Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.
28 Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29 Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.
30 Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31 Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”
33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”
35 Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
36 Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!”
37 Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. 38 Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble konsa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? 39 Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”
40 Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. 41 Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” 42 Yo ba l yon moso pwason boukannen. 43 Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout.
44 Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”
45 Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46 Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48 Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, konsa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49 Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”
Jezi retounen nan syèl
(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)
50 Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51 Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52 Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53 Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.
Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan
9 An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. 2 Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. 3 Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an. 4 Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont! 5 Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.
6 Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. 7 Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. 8 Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, konsa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. 9 Jan Bib la di l la:
“Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo.
Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.”[a]
10 Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. 11 Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.
12 Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. 13 Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. 14 Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pat merite nou jwenn nan Bondye. 15 Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!
Copyright © 2017 by Bible League International