M’Cheyne Bible Reading Plan
Maryaj nan ti vil Kana
2 Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. 2 Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. 3 Pandan fèt la, diven an vin fini. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”
4 Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”
5 Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”
6 Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[a] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[b]
7 Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.
8 Lè l fini, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”
Yo te fè sa l te di yo fè a. 9 Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”
11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.
12 Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-13; Mak 11:15-17; Lik 19:45-46)
13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, konsa Jezi t al Jerizalèm. 14 Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. 15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. 16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”
17 Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la:
“Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”[c]
18 Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”
19 Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”
20 Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!”
21 Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. 22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.
23 Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. 24 Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. 25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.
Konparezon ant Pòl ak fo apot yo
11 Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non! 2 Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj. 3 Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la. 4 Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.
5 Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m. 6 Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.
7 Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen? 8 Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. 9 Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. 10 Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a. 11 Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!
12 M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. 13 Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la. 14 Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè. 15 Konsa, sa pa dwe etone nou si sèvitè Satan yo ap fè sanblan yo se moun k ap travay pou sa ki jis. Men alafen, y ap jwenn pinisyon aksyon yo merite.
Pòl ap pale sou soufrans li kòm apot
16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras. 17 Nan kesyon vante tèt la, mwen p ap pale jan Senyè a li menm ta pale. M ap pale pito tankou yon moun fou. 18 Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou. 19 Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen! 20 Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.
Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[a] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.
24 Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. 25 Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. 26 Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.
27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28 Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou. 29 Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.
30 Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb. 31 Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan. 32 Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m. 33 Men kèk zanmi te mete m nan yon panye. Yo fè panye a pase nan yon twou nan miray la epi yo desann mwen anba. Se sa ki te pèmèt mwen chape anba l.
Copyright © 2017 by Bible League International