M’Cheyne Bible Reading Plan
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mat 27:1-2,11-14; Mak 15:1-5; Jan 18:28-38)
23 Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. 2 Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”
3 Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
Jezi reponn: “Se ou ki di li.”
4 Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”
5 Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”
Pilat voye Jezi bay Ewòd
6 Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” 7 Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou[a] nan Jerizalèm lè sa a.
8 Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. 9 Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. 10 Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. 11 Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. 12 Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.
Pilat eseye libere Jezi
(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)
13 Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14 Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15 Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17 [b]
18 Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19 Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.
20 Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21 Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”
22 Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”
23 Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24 Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25 Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)
26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.
27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29 Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30 Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou![c] 31 Paske si yo ka fè m soufri konsa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”[d]
32 Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.
34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[e]
Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”
36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.
39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”
40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”
43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)
44 Li te bò midi konsa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45 paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46 Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”[f] Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
47 Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”
48 Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49 Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)
50 Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51 Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52 Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. 53 Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. 54 Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse.
55 Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. 56 Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a.
Men, nan jou saba a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.
Pòl ap ankouraje moun yo pou yo bay
8 Kounye a, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen kisa gras Bondye fè nan legliz Masedwàn yo. 2 Kretyen sa yo pase anba anpil afliksyon, epi yo pa moun ki gen lajan. Men yo gen yon jwa k ap debòde ki lakòz yo laj nan jan yo bay. 3 Mwen temwen, kretyen sa yo bay selon posibilite yo, epi yo menm depase posibilite yo. Yo fè tout sa ak pwòp volonte yo. 4 Yo ensiste anpil pou nou ba yo privilèj pou yo patisipe nan voye yon èd pou pèp Bondye a. 5 Yo bay nan yon fason nou pa t espere: yo bay Bondye tèt yo an premye epi pou nou menm, yo bay lajan yo. Se sa Bondye vle.
6 Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a. 7 Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.
8 Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede. 9 Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.
10 Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye. 11 Kounye a, se pou nou fini sa nou te kòmanse a. Se pou rezilta yo montre menm kalite devouman nou te genyen lè n te kòmanse a. Bay selon mwayen nou. 12 Kèlkeswa kantite nou bay, li akseptab si nou bay li ak tout kè nou epi selon mwayen nou. Pèsòn p ap mande nou pou bay sa nou pa genyen. 13 Se pa traka n ap chache ba ou pandan n ap chache soulaje lòt moun. Se sèlman yon egalite n ap eseye etabli. 14 Jodi a, se ou k nan abondans epi w ap ede sa yo ki nan bezwen. Demen si ou nan bezwen, lòt ki nan abondans, y ap ede w. Se sa nou rele egalite a. 15 Men sa ki ekri nan Bib la:
“Sa yo ki te ranmase anpil pa t gen twòp.
Epi sa yo ki te ranmase yon ti kras pa t jwen twò piti.”[a]
Tit ak konpanyon l yo
16 Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou. 17 Li te aksepte demand nou te fè l. Li te menm pi chofe pase nou pou l retounen ak pwòp volonte l pou vizite nou. 18 N ap voye yon lòt frè avè l. Se yon frè tout legliz yo apresye pou travay l ap fè pou gaye Levanjil la. 19 Anplis, se legliz yo menm ki te chwazi l pou l ka vwayaje ak nou pandan n ap jere ofrann sa a. N ap fè sa yon fason pou fè lwanj pou Senyè a epi pou montre dezi nou genyen pou n ede.
20 Nou pran prekosyon pou okenn pa kritike jan nou jere gwo ofrann sa a. 21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.
22 N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.
23 Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la. 24 Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.
Copyright © 2017 by Bible League International