Mak 1-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9, 15-17; Jan 1:19-28)
1 Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris,[a] Pitit Bondye a.[b] 2 Men kijan pwofèt Ezayi ekri:
“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.”(A)
3 “Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
fè wout yo byen dwat devan l.”(B)
4 Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” 5 Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.
6 Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.
7 Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. 8 Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”
Jan te batize Jezi
(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)
9 Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10 Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)
12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)
14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”
Jezi chwazi kèk disip
(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)
16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[c] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.
19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Lik 4:31-37)
21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[d] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”
25 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26 Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.
27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28 Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.
Jezi geri anpil moun
(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)
29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[e]
32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pa t pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Lik 4:42-44)
35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36 Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37 Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”
38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[f]
41 Jezi te santi l endinye[g] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.
43 Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,[h] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.
Jezi geri yon nonm paralize
(Mat 9:1-8; Lik 5:17-26)
2 Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li. 2 Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a. 3 Yo mennen ba li yon nonm paralize kat moun t ap pote. 4 Men yo pa t ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi. 5 Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
6 Te gen kèk eskrib ki te chita la ki t ap di nan kè yo: 7 “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”
8 Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa? 9 Ki sa ki pi fasil pou m di paralitik la: Peche w yo padone, oubyen leve, pran kabann ou epi mache? 10 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: 11 “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
12 Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.
Levi (Matye) swiv Jezi
(Mat 9:9-13; Lik 5:27-32)
13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”
17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mat 9:14-17; Lik 5:33-39)
18 Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?”
19 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. 20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[i] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Jezi se mèt jou repo a
(Mat 12:1-8; Lik 6:1-5)
23 Apre sa, yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo ranmase kèk zepi ble pou yo manje. 24 Kèk Farizyen di Jezi: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?”
25 Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje? 26 Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”
27 Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba, 28 konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)
3 Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. 2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. 3 Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”
4 Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 6 Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Anpil moun ap swiv Jezi
7 Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. 8 Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.
9 Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11 Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12 Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)
13 Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14 Li chwazi douz, li rele yo apot.[j] Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15 Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16 Men non douz moun li rele apot yo.
Li bay Simon non Pyè,
17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,
18 Apre sa Andre,
Filip,
Batèlmi,
Matye,
Toma,
Jak pitit Alfe a,
Tade epi
Simon yo bay non Patryòt,
19 epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)
20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.
22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[k] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”
23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fin i.
27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”
30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)
31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[l] w yo deyò a ap chache w.”
33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mat 13:1-9; Lik 8:4-8)
4 Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a. 2 Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:
3 “Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. 4 Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. 5 Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri paske pa gen tè a pa fon ase pou rasin yo antre. 6 Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. 7 Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi. 8 Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”
9 Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye
(Mat 13:10-17; Lik 8:9-10)
10 Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.
11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi. 12 Mwen fè sa poutèt,
Menm lè yo wè,
yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
yo pa vrèman ni tande ni konprann.
Si yo ta wè epi yo ta konprann,
yo ta repanti epi Bondye ta padone yo.”(C)
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mat 13:18-23; Lik 8:11-15)
13 Alò Jezi di yo: “Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n ap ka konprann lòt istwa yo mwen gen pou m di nou yo? 14 Moun ka simen grenn nan se pawòl la l ap simen. 15 Kèk nan grenn yo tonbe bò chemen an. Bò chemen an, se sa yo ki tande pawòl Bondye a, menm tande yo tande pawòl la, Satan vini touswit retire pawòl ki te simen nan yo a.
16 Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa. 17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.
18 Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la, 19 men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.
20 Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”
Chache konprann sa ou tande
(Lik 8:16-18)
21 Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. 22 Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. 23 Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” 24 Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” 25 Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen.
Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn
26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. 29 Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive.
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mat 13:31-32, 34-35; Lik 13:18-19)
30 Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31 Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32 Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”
33 Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34 Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Lik 8:22-25)
35 Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” 36 Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. 37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38 Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”
39 Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.
40 Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”
41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)
5 Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen[m] yo. 2 Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. 3 Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. 4 Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[n] 5 Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.
6 Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”
9 Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”
Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,[o] paske nou anpil.” 10 Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.
11 Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12 Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.
14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16 Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.
18 Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19 Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”
20 Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)
21 Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22 Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23 Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”
24 Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.
25 Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26 Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.
27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29 E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”
31 Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”
32 Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33 Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”
35 Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”
37 Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38 Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39 Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40 Moun ki te la yo pete ri Jezi.
Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)
6 Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. 2 Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” 3 Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”
4 Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” 5 Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. 6 Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:1, 5-15; Lik 9:1-6)
7 Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. 8 Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. 9 Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.
Ewòd pran Jezi pou Janbatis
(Mat 14:1-12; Lik 9:7-9)
14 Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”
15 Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.”
Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.”
16 Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”
Men kijan Ewòd fè koupe tèt Janbatis
17 Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l. 18 Jan t ap plede di Ewòd: “Li pa nòmal pou ou pran madanm frè w pou ou marye avè l.” 19 Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. 20 Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, kon sa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.
21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. 22 Pitit fi Ewodyas la[p] al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse.
Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” 23 Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”
24 Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
25 Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”
26 Ewòd te vin tris anpil, men poutèt pwomès li te fè a, devan tout envite l yo, li pa t vle pa aksepte. 27 Imedyatman, li voye yon sòlda pou koupe tèt Jan epi pote l vini. Sòlda a ale nan prizon an, li koupe tèt Jan. 28 Yo mete l nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 29 Lè disip Jan yo tande sa k te rive a, yo vini pran kò a epi yo antere l nan yon tonm.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)
30 Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. 31 Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje.
32 Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. 33 Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se kon sa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo. 34 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.
35 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 36 Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.”
37 Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye[q] pou n ta bay tout moun sa yo manje.”
38 Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!”
Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”
39 Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” 40 Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.
41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.
42 Tout moun te manje vant deboutonnen. 43 Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. 44 Antotal te gen senk mil gason ki te manje.
Jezi mache sou dlo
(Mat 14:22-33; Jan 6:16-21)
45 Tousuit apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 46 Apre Jezi te fin voye foul la ale, li monte sou mòn nan pou l priye.
47 Lannuit vin tonbe, bato a te gentan nan mitan lak la epi Jezi te atè a poukont li. 48 Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a. 49 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” 50 Yo tout te wè li, epi laperèz te anvayi yo. La menm, li pale avèk yo epi li di: “Pran kouraj, se mwen. Pa pè. 51 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi. 52 Yo pa t ka konprann vrè sans mirak senk pen an paske kè yo te fèmen.
Jezi geri anpil moun malad
(Mat 14:34-36)
53 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Yo mare bato a. 54 Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. 55 Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li. 56 Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.
Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo
(Mat 15:1-20)
7 Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi. 2 Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. 3 Paske Farizyen yo ak tout lòt Jwif yo pa janm manje san yo pa lave men yo. Yo fè sa pou yo ka swiv koutim granmoun lontan yo. 4 Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.[r]
5 Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”
6 Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:
Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
men kè yo lwen mwen.
7 Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
paske se kòmandman pa yo y ap anseye.(D)
8 Nou mete kòmandman Bondye a kote epi n ap kenbe tradisyon lòm.”
9 Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo? 10 Moyiz di: Onore papa nou ak manman nou.(E) Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.(F) 11 Men nou menm nou di: lè yon moun di papa l oswa manman l: mwen pa ka ede w paske mwen konsakre tout afè m bay Bondye. 12 Konsa nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp la. 13 Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Nou fè anpil lòt bagay kon sa ankò.”
14 Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. 15 Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” 16 [s]
17 Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. 18 Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? 19 Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye).
20 Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 21 Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, 22 adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. 23 Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”
Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif
(Mat 15:21-28)
24 Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. 25 Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. 26 Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.
27 Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.”
28 Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”
29 Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.”
30 Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti.
Jezi geri you moun soud
31 Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. 32 Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan.
33 Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. 34 Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri). 35 Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm.
36 Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. 37 Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”
Footnotes
- 1:1 Jezikris Literalman, “Jezi ki se Kris la”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 20 epi tou nan tout liv sa a.
- 1:1 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo “Pitit Bondye”.
- 1:16 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan vèsè 29, 30, 36.
- 1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa.
- 1:31 manje Nan sans ospitalite.
- 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po kon sa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun kon sa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
- 1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la.
- 1:44 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lalèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13–14.
- 2:22 diven nouvo Se yon ji rezen fenk pire. Yo bezwen mete l yon kote pou l tounen diven. Lè l ap tounen diven, li konn degaje gaz gonfle barik la. Sa kapab eklate barik la.
- 3:14 li rele yo apot Anpil maniskri pa genyen mo sa yo, men yo nan dokiman ki pi ansyen yo.
- 3:22 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.
- 3:32 yo ak sè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo sa yo.
- 5:1 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Gadarenyen”, lòt ankò “Jegazenyen”.
- 5:4 metrize l Lè you moun te gen yon konpòtman etranj se te yon wont pou fanmy li. Konsa yo te konn eseye “trete” yo. Kèk doktè te kwè lè yo te mete moun nan chenn oubyen mare yon moun fou, se te yon bon mwayen pou chache gerizon li.
- 5:9 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.
- 6:22 Pitit fi Ewodyas la Kèk kopi nan lang Grèk genyen “pitit fi li a Ewodyas”.
- 6:37 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay.
- 7:4 veso an kuiv Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “ak kanape”.
- 7:16 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 16 la: “Ou menm k ap koute, tande!”
Mak 1-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9, 15-17; Jan 1:19-28)
1 Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris,[a] Pitit Bondye a.[b] 2 Men kijan pwofèt Ezayi ekri:
“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.”(A)
3 “Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
fè wout yo byen dwat devan l.”(B)
4 Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” 5 Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.
6 Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.
7 Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. 8 Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”
Jan te batize Jezi
(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)
9 Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10 Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)
12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)
14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”
Jezi chwazi kèk disip
(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)
16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[c] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.
19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Lik 4:31-37)
21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[d] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”
25 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26 Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.
27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28 Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.
Jezi geri anpil moun
(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)
29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[e]
32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pa t pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Lik 4:42-44)
35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36 Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37 Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”
38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[f]
41 Jezi te santi l endinye[g] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.
43 Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,[h] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.
Jezi geri yon nonm paralize
(Mat 9:1-8; Lik 5:17-26)
2 Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li. 2 Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a. 3 Yo mennen ba li yon nonm paralize kat moun t ap pote. 4 Men yo pa t ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi. 5 Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
6 Te gen kèk eskrib ki te chita la ki t ap di nan kè yo: 7 “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”
8 Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa? 9 Ki sa ki pi fasil pou m di paralitik la: Peche w yo padone, oubyen leve, pran kabann ou epi mache? 10 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: 11 “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
12 Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.
Levi (Matye) swiv Jezi
(Mat 9:9-13; Lik 5:27-32)
13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”
17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mat 9:14-17; Lik 5:33-39)
18 Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?”
19 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. 20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[i] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Jezi se mèt jou repo a
(Mat 12:1-8; Lik 6:1-5)
23 Apre sa, yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo ranmase kèk zepi ble pou yo manje. 24 Kèk Farizyen di Jezi: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?”
25 Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje? 26 Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”
27 Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba, 28 konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)
3 Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. 2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. 3 Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”
4 Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 6 Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Anpil moun ap swiv Jezi
7 Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. 8 Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.
9 Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11 Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12 Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)
13 Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14 Li chwazi douz, li rele yo apot.[j] Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15 Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16 Men non douz moun li rele apot yo.
Li bay Simon non Pyè,
17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,
18 Apre sa Andre,
Filip,
Batèlmi,
Matye,
Toma,
Jak pitit Alfe a,
Tade epi
Simon yo bay non Patryòt,
19 epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)
20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.
22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[k] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”
23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fin i.
27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”
30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)
31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[l] w yo deyò a ap chache w.”
33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mat 13:1-9; Lik 8:4-8)
4 Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a. 2 Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:
3 “Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. 4 Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. 5 Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri paske pa gen tè a pa fon ase pou rasin yo antre. 6 Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. 7 Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi. 8 Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”
9 Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye
(Mat 13:10-17; Lik 8:9-10)
10 Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.
11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi. 12 Mwen fè sa poutèt,
Menm lè yo wè,
yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
yo pa vrèman ni tande ni konprann.
Si yo ta wè epi yo ta konprann,
yo ta repanti epi Bondye ta padone yo.”(C)
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mat 13:18-23; Lik 8:11-15)
13 Alò Jezi di yo: “Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n ap ka konprann lòt istwa yo mwen gen pou m di nou yo? 14 Moun ka simen grenn nan se pawòl la l ap simen. 15 Kèk nan grenn yo tonbe bò chemen an. Bò chemen an, se sa yo ki tande pawòl Bondye a, menm tande yo tande pawòl la, Satan vini touswit retire pawòl ki te simen nan yo a.
16 Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa. 17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.
18 Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la, 19 men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.
20 Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”
Chache konprann sa ou tande
(Lik 8:16-18)
21 Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. 22 Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. 23 Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” 24 Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” 25 Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen.
Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn
26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. 29 Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive.
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mat 13:31-32, 34-35; Lik 13:18-19)
30 Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31 Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32 Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”
33 Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34 Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Lik 8:22-25)
35 Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” 36 Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. 37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38 Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”
39 Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.
40 Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”
41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)
5 Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen[m] yo. 2 Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. 3 Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. 4 Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[n] 5 Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.
6 Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”
9 Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”
Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,[o] paske nou anpil.” 10 Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.
11 Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12 Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.
14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16 Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.
18 Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19 Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”
20 Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)
21 Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22 Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23 Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”
24 Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.
25 Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26 Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.
27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29 E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”
31 Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”
32 Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33 Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”
35 Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”
37 Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38 Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39 Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40 Moun ki te la yo pete ri Jezi.
Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)
6 Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. 2 Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” 3 Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”
4 Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” 5 Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. 6 Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:1, 5-15; Lik 9:1-6)
7 Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. 8 Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. 9 Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.
Ewòd pran Jezi pou Janbatis
(Mat 14:1-12; Lik 9:7-9)
14 Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”
15 Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.”
Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.”
16 Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”
Men kijan Ewòd fè koupe tèt Janbatis
17 Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l. 18 Jan t ap plede di Ewòd: “Li pa nòmal pou ou pran madanm frè w pou ou marye avè l.” 19 Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. 20 Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, kon sa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.
21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. 22 Pitit fi Ewodyas la[p] al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse.
Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” 23 Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”
24 Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
25 Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”
Footnotes
- 1:1 Jezikris Literalman, “Jezi ki se Kris la”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 20 epi tou nan tout liv sa a.
- 1:1 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo “Pitit Bondye”.
- 1:16 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan vèsè 29, 30, 36.
- 1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa.
- 1:31 manje Nan sans ospitalite.
- 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po kon sa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun kon sa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
- 1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la.
- 1:44 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lalèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13–14.
- 2:22 diven nouvo Se yon ji rezen fenk pire. Yo bezwen mete l yon kote pou l tounen diven. Lè l ap tounen diven, li konn degaje gaz gonfle barik la. Sa kapab eklate barik la.
- 3:14 li rele yo apot Anpil maniskri pa genyen mo sa yo, men yo nan dokiman ki pi ansyen yo.
- 3:22 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.
- 3:32 yo ak sè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo sa yo.
- 5:1 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Gadarenyen”, lòt ankò “Jegazenyen”.
- 5:4 metrize l Lè you moun te gen yon konpòtman etranj se te yon wont pou fanmy li. Konsa yo te konn eseye “trete” yo. Kèk doktè te kwè lè yo te mete moun nan chenn oubyen mare yon moun fou, se te yon bon mwayen pou chache gerizon li.
- 5:9 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.
- 6:22 Pitit fi Ewodyas la Kèk kopi nan lang Grèk genyen “pitit fi li a Ewodyas”.
Copyright © 2017 by Bible League International