Add parallel Print Page Options

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mak 6:14-29; Lik 9:7-9)

14 Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

Men kijan Janbatis te mouri

Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.

Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. 10 Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. 11 Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 12 Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi.

Read full chapter