Add parallel Print Page Options

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17; Jan 1:19-28)

Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide. Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di:

“Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò:
Fè chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devant l.”[a]

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. 10 Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.

11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12 Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo.[b] L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:3 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.
  2. 3:12 bon grenn yo ak pay yo Sa vle di Jezi ap separe moun pa l yo ak moun ki ou li yo.