Add parallel Print Page Options

15 Kòm tout moun t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt, yo t ap poze tèt yo kesyon. Yo t ap reflechi konsènan Jan. Yo t ap di: “Ou kwè se pa li menm ki Mesi a.”

16 Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Li gen laye[a] l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:17 Mo ki itilize nan tèks orijinal la pale sou yon enstriman tankou yon laye yo te konn itilize pou voye grenn yo anlè pou van ka pran pay yo pote ale.