Add parallel Print Page Options

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mat 9:14-17; Mak 2:18-22)

33 Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.”

34 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”

36 Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. 37 Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo.[b] 38 Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. 39 Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:37 diven nouvo Ji rezen ki fèk kòmanse ap fèmante.
  2. 5:37 Yo te konn estoke diven nan veso ki te fèt ak po kabrit. Nòmalman, po ize a frajil. Si yo mete nouvo diven nan po ki ize a, nouvo diven an vin fèmante epi li pwodui yon gaz. Se presyon gaz la ki eklate veso an po ki ize a. Veso an po tou nèf la pi elastik, sa pèmèt li kenbe nouvo diven an menm lè l fèmante.