Add parallel Print Page Options

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)

26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[a] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.

28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.

30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”

Li reponn: “Lejyon.”[b] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[c] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.

34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.

Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”

Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:26 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk yo genyen “Gadarenyen” epi kèk lòt genyen “Jegazenyen”.
  2. 8:30 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.
  3. 8:31 gwo tou san fon an Literalman, “yon abim”, se menm jan ak twou trè fon, kote yo te konn kenbe move lespri yo.