Add parallel Print Page Options

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17)

Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.

Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè.

Filip reponn Li: “200 denye[a] pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”

Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”

10 Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun konsa te chita sou zèb yo. 11 Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.

12 Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fini, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” 13 Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje.

14 Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt[b] ki te gen pou vini nan lemonn nan.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:7 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay. Yon sòm lajan 200 denye, se te salè yon moun pou 8 mwa travay.
  2. 6:14 pwofèt Li pwobab yo te vle pale de pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-19.