Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon nonm paralize

(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)

Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.[a] Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[b]

Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

Nonm nan leve, l ale lakay li. Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:1 lakay li Pa vle di Jezi te gen yon kay. Li vle di Jezi te retounen Kapènawòm (Mak 2:1).
  2. 9:3 blasfèm Pale mal sou Bondye. Nan kontèks sa a li vle di Jezi ap pran pòz Bondye paske se Bondye sèl ki gen dwa pou padone peche.