Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 11:1-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 72:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 72:18-19' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 15:4-13

Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa. Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:

“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
    Se poutèt sa m va di w mèsi.”[a]

10 Epi Bib la di ankò,

“Nou menm moun lòt nasyon yo,
    se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[b]

11 Bib la di ankò,

“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
    Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[c]

12 Epi Ezayi di,

“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[d]
    L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[e]

13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.

Matye 3:1-12

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17; Jan 1:19-28)

Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide. Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di:

“Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò:
Fè chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devant l.”[a]

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. 10 Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.

11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12 Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo.[b] L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International