Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Mari fè lwanj pou Senyè
46 Apre sa Mari di:
“Nanm mwen beni non Bondye.
47 Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fini,
tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
Abraram ansanm ak desandan l yo,
li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”
Se pou n gen pasyans
7 Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.[a] 8 Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! 9 Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!
10 Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans.
2 Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. 3 Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”
4 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: 5 Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 6 Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”
7 Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 8 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. 9 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:
Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.[a]
11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.
Copyright © 2017 by Bible League International