Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yon lavi ki fè Bondye kontan
4 Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou. 2 Ou konnen deja tout sa nou te mande w fè nan otorite Senyè Jezi. 3 Sa Bondye vle: se pou ou viv yon lavi ki sen. Li vle pou ou evite imoralite seksyèl. 4 Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.[a] 5 Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye. 6 Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. 7 Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li. 8 Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.
9 Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja. 10 Nou konnen ou gen tan ap fè sa deja pou tout frè ak sè Masedwàn yo. Sèl sa n ap mande, se pou n manifeste lanmou nou pi plis toujou.
11 Fè tout sa ki depann de ou pou w viv ak kè poze. Pa foure bouch ou nan zafè moun. Travay pou ka jwenn manje pou manje jan nou te gentan di w sa deja. 12 Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.
Copyright © 2017 by Bible League International